twitter

Byennèt

Nou kreye « l’Ecrin Vert » nan pènye . Se yon lakou kote nou kòmanse yon pwojè rbwazman pou nou rive genyen yon « arboritum » ki ka reyini pifò pye bwa ak plant peyi Dayiti yo.
N ap devlope tou yon volè pou plant medesinal ak plant pou dekorasyon.
Eksetera...

twitter

Sante

Nou distribye bwòs dan, pat dantifris, fil pou dan. Nou kite pwodi sa yo nan kèk plas nan zòn nan pou yo vann yo pou yon yon pri trè ba.
Nou òganize yon jounen klinik pou zye nan Duailly pou plis pase 500 moun ; ladan yo te gen plis pase 300 timoun lekòl.
Klinik BSD-Sante ap fonksyone nan Delmas 29
Nou bay Sant sante Gautier-Civil (komin Plaisance du Sud) yon ankadreman a distans.
Nou fè kèk jounen sansibilizasyon sou sante dan nan Dufailly, komin Mirebalais. Plizyè santèn timoun, pwofesè, fidèl legliz benefisye.

twitter

Devlopman

Nou kòmanse you pwogram rebwazman nan Dufailly kote nou achte sèvis yon teknisyen agrikòl pou plante 120 pye bwa chak mwa.
Nou patisipe nan animasyon ti koze sou lasante NKH òganize chak semèn . NKH (Nature-Knowledge-Health) se yon òganizasyon ki nan North Attleborough, MA. N ap prepare avèk NKH yon pogram rebwazman an Ayiti.
N ap kolabore avèk FMC. BSDlavi fasilite reyalizasyon conferans FMC sou platfòm zoom li an. Epi tou, li bay FMC yon espas sou website li a


Orijin BSDlavi.
Ki kote l soti? Sa li ye ?

De (2) moun ki ansanm pou lavi e ki ap travay pou lasante te kreye yon pwojè ki rele BSD-Sante ki te gen kòm objectif : bay swen sante ak fè edikasyon pou lasante.
Tan pase, eksperyans mete pye, epi lòt manm nan fanmi an vin avèk lòt ide, lòt konesans, lòt konpetans. Lè sa, BSD-Sante vanse pou pi devan.
BSD pa dezinye non de (2) moun (Brunel ak Sœurette Delonnay) ankò, li vin vle di Byennèt-Sante-Devlopman epi BSD-Sante devni BSDlavi..

twitter

Objectif nou yo.
Pou BSDlavi, objectif yo vin pi plis :

  • Travay pou byennèt moun
  • Ofri swen lasante
  • Fè edikasyon moun ki nan anviwònman nou sou lasante : sante kò a, sante lespri ya, sante chak grenn moun, sante kominote a.
  • Pibliye enfòmasyon sou lasante, sou byennèt, sou edikasyon jèn yo.
  • Mete sou pye yon metòd modèn pou edike moun, yon metòd ki baze sou reyalite peyi Dayiti.
  • Mete men nan sa ki dwe fèt pou kouvri ayiti ak pye bwa.
  • Bati yon pwojè pou pwodi enèji ke pifò moun ka itilize.
  • Ede oubyen kolabore ak tout moun oubyen tout gwoup ki pataje aspirasyon ak objektif BSDlavi yo
twitter

Estrateji nou yo.
Pou nou reyalize objektif nou yo, nou sèvi ak estrateji sa yo :

  • Nou mete tan pou konsilte malad nan klinik BSD-Sante.
  • Nou fè deplasman al nan kominoté.
  • Nou rankontre lidè, pwofesè, reskonsab legliz, etc.
  • Nou fè seyans travay nan lekòl, nan legliz.
  • Nou kolabore ak lòt moun, lòt gwoup.
  • Nou sèvi ak pawòl, mesaj, konvèsasyon epi aksyon.
  • Nou sèvi ak teknoloji pou enfòmasyon ak kominikasyon (telefòn, WhatsApp, email, etc).
twitter